📜 Règ Lanbi yo

Lanbi louvri pou tout moun, men li refize sa ki fè moun mal.

✅ Tout evènman byenveni

Konsè · fèt ak sware (18+ tou, si afich la dekan) · mès ak sèvis tout legliz · seremoni ak fèt lakou · aktivite lekòl · konferans · asosyasyon · espò · reyinyon ak rasanbleman politik · antèman (fanmi an poste l, oswa ak dakò l) · evènman dyaspora.

❌ Sa nou refize, kèlkeswa moun ki poste l

  1. Rayisman ak vyolans: rele moun fè vyolans, atake yon gwoup (relijyon, orijin, kominote). An Ayiti: nenpòt evènman yon gwoup ame, oswa ki fè lwanj yon gwoup ame.
  2. Mank respè: joure oswa pase nan betiz yon moun, yon relijyon (legliz kou vodou) oswa yon kominote.
  3. Kontni seksyèl: pa gen toutouni, pa gen sèvis seksyèl. Afich la dwe dekan, menm pou evènman 18+.
  4. Imaj ki choke: pa gen san, zam oswa kadav sou afich.
  5. Eskrokri: pwomès lajan (double lajan w, pyramid, fo sòl); viza, vwayaj, travay oswa bous kont yon peman; kolèk pou yon moun nou pa konnen oswa nou pa ka jwenn; peman nan yon nimewo ki pa pou manm nan.

🔎 Kijan sa mache

  • Chak manm idantifye: vrè non w ak yon WhatsApp ki reponn.
  • Nou tcheke chak evènman anvan li parèt, nan 24 è pi plis.
  • Premye fwa: nou refize l ak rezon an — ou ka korije l epi voye l ankò.
  • Ka grav (eskrokri, rayisman, vyolans): nou refize l, epi kont manm nan fèmen, san ranbousman.
  • Tout moun ka peze «Siyale» sou yon evènman ki pa bon. Desizyon Lanbi a final.

🐚 Lanbi akeyi tout evènman — legliz, lakou, lekòl, konsè, asosyasyon — menm jan an.
Règ yo